TMD de Kreyol la repond aux questions de Info Fiable

Ti Michel Dulix le plus jeune de Kreyol la de T-Joe Zenny. Intégré offciellement au sein du groupe en mai 2015 lors de la sortie du  dernier album Invinctus.
Son père a joué du keyboard au sein de Digital Xpress aux côtés de Raoul Denis junior. David Dupoux est aussi son cousin. 
Ce jeune TMD repond aux questions de Info Fiable.


IF: Sa kap fet TMD?
TMD: Info fiable. Nou la nap kenbe..nap suiv aktivite peyi a


IF: Ki loizi ou?
TMD: mwen renmen fè tout bagay ki met pozitivite nan vim e ki fè kè m kontan! Chans pam..sam fè poum viv la se lwazi mpi pito a ki se mizik! Se sa mwen fè pandan 90% tan m!! Apre sa res 10% an mrenmen pase tan lakay mwen...jwe ps4 gad film...


IF:  Poukisa ou chwazi fe mizik?
TMD: mpa panse se mwen ki chwazi fè mizik, mpanse se mizik ki chwazim. Mpanse chak mizisyen ap diw sa...nou gen on misyon. Mwen panse mwen beni deske mka fè sa kòm metye! Pa gen pi bèl bagay pase fè sa w renmen a kòm travay...leu konsa travay fè pati de lwaziw.


IF: Ki pi bon souvni ou gen nan zafe mizik? Et ki pi move souvni ou ?
TMD: Tout sak rivem nan domaine mizik la jiska prezan...tout se bagay pozitif! Menm leu gen on bagay negatif ki rive...li sèvim kom leson e mwen metel en pozitif nan tèt mwen. Mpa renmen pran pòz viktim mwen nan sitiyasyon ki negatif, mpito pran sa ki negatif la epi  sèvi avè kòm on booster poum fè sa map fè a!


IF: Eske sa rive'w deja pou tande yn mizik pou di poukisa mw pat panse ak suje sa avan?
TMD: Off course! But se sak bèl ak mizik la...chak atis gen inspirassyon l, vibe li, eksperyans ki rivel nan lavi a e se tout bagay sa yo ki fè ke yon atis ka devlope on suje ki commun on jan ki original.


IF: Si ou ta ret 24h tan pou viv kisa ou tap fe?
TMD: Mtap pase on ti res tan ki retem nan ak moun mwen renmen yo.


I.F: Si'w ta gen pouvwa pou chanje mond lan sa'w
tap chanje?
TMD: Mpanse chak moun sou latè gen pouvwa sa a deja se just ke nou sèvi avèl en majorite pou fè sak pa sa. Cuz chanjman an se on bagay ki relatif...chanjman an ka leuw soti nan MAL pou al nan PI MAL. oswa nan leuw sot MAL pou al nan BON.
Pouvwa sa a komanse nan respè. Leuw respekte sa ki antourew, sa vle di...moun, environman w (pye bwa, lari a...), bèt, leuw respekte opinyon lòt moun...se konsa pouw chanje le monde daprem.
So mpanse nou tout gen pouvwa sa a.

I.F: Si jamais ou ta gen yon jounen pou fe yon bagay ilegal ki premye bagay ou tap fe?
TMD: Mpa apresye anyen ki ilegal. So mswete sa pap janm rive!


I.F: Ki moun ki pi inpotan nan vi'w?
TMD:Mpa gen on moun spesifikman ki pi enpotan ke lòt. Mgen anpil moun ki nan menm nivo enpotans la chak pou on rezon. Par ekzanp...manmanm se manmanm...mpa kwè mbezwen dekri sa on manman reprezante pou on pitit. Papam, Monnonk ak matant mwen yo, ti seum, grann mwen, menaj mwen, kouzen ak kouzine...en gros fanmim yo enpotan pou mwen. Kote mizik..tout mizisyen ki antourem yo enpotan pou mwen. En particulier mizisyen ki nan menm ekip avem yo...mesye KREYOL LA yo ki aprann mwen anpil. Ti jo par ekzanp se on idol mwen ke mwen gen chans aprann anpil avel.


I.F:  Si jamais ou ta prezidan sa ou tap fe pou ayiti?
TMD:On prezidan se on sitwayen menm jan ak nenpot lòt sitwayen ke pèp la chwazi pou reprezante opinyon piblik la. An tan ke sitwayen nou tout dwe fè on bagay pou ayiti. Se pa tann ke prezidan oswa gouvenman an fè on bagay pou nou. Paske li fasil pou kritike on moun, men li difisil pou kritike tèt nou.
Wi se vre ke fòk gouvènman an met strikti pou pèp li nan on peyi men se chak moun ki pou fè on ti jès. So mpa kwè bezwen prezidan poum chanje ayiti.


I.F: Siw tap rekomanse karye mizik ou sa ou tap chanje?
TMD:Mtap kòmanse fè mizik pi bonè. (Rire)


I.F: Si ou ta gen posiblite pou repare yon ere kew te fe ki ere li tap ye?
TMD:Maybe tap chwazi moun mwen te travay avè yo ak plis mefyans ak prekosyon!


I.F: Kijan ou we Tet ou nan 5ans?
TMD: Mpap baw manti...mta renmen fè on nom nan biznis la. Mta renmen ka reprezante ayiti tout kote nan le monde, nan 5 kontinan yo. Sa m pi renmen se fè beat pou atis...so mta swete mse youn nan ayisyen kap fè beat a l'echelle international. Mta renmen ka met mizik ayisyenn nan nan on lot nivo. Nan 5 prochaines annees sa yo..map travay chak jou pou sa!

IF: Ki premye bagay ki te pase nan tet ou le yo fe apel ave'w pou Kreyol la?
TMD: Fom diw, mte renmen konpa kreyol anpil, e tjo se on neg mte toujou respekte. Mpanse tout ekip la fè preuve li nan milieu musical la . Neg yo abitue fè hit, so li te fèm plezi anpil pou yo fè apel a mwen. D'ailleur, anpil nan mizik neg yo (kreyol la/konpa kreyol) se de mizik ki make jeunesse anpil moun nan le monde. Mpanse mgen kont potansyel poum pote on touch on jan diferan nan jazz la...e se sa mwen panse mwen fè ak " turn me on " nan!!


IF: Fanatik ki jaz ou ye apar de Kreyol la?
TMD:  Mwen fanatik mizik an jeneral. Mwen aprann tande tout jazz ak tout style. Mtoujou panse ou ka aprann de chak moun e mwen pa panse ke gen ti jazz or gwo jazz. Tout jazz se jazz e chak jazz gen point fort yo. Mpanse fok on moun toujou rete moun li te ye a pandan lap eseye vin moun li vle ye a. Sa vle di CHANJE MOUN pandan ou ret MOUN OU YE A. M renmen tout jazz e mwen zanmi ak plizyè moun ki nan diferan jazz e se sak fè mwen toujou respekte tout jazz. Chak atis gen on jan yo panse e se sak bel la, leu ou apresye sa zòt fè e ou aprann de zòt, mpanse ou vin miyò nan sa wap fè a!

IF:  Ou genyen pouvwa invizibilite! Ou gen chans manyen tete oubien deye yn moun ! Kiyes li tap ye???
TMD:  Next question...? (Rireee)


IF: Kisa ki  pi di pou ou?? Di on moun kew renmen li ou bien di yo moun ou pa renmen li anko?
TMD: Mson neg ki di sal santi a . Leu kè m kontan mwen montre l... lè m fache tou, wap konn sa. Whatever santiman mwen genyen an, mwen pa kachel, paske m panse ke se santiman ki fè moun pran de desizyon. Jan yo konn di a " aji sou emosyon"...se konsa m ye. So leu m renmen on moun mwen dil sa e mwen fè l konn sa, menm jan tou si m pa renmen moun nan, lap konn sa.


IF: Eskew Kontan ak lavi kew genyen an?
TMD: Mpanse atis se moun ki gen plis chans sou latè. Nou gen chans pou nou toujou an kontak ak moun.  Kit se pou fè foto, pale ak moun, fè rankont ect...and majorite atis ap diw ke yap fè pwofesyon ke yo renmen an. E mwen kwe ke atis yo se sèl moun sou latè ki vreman chwazi sa yo vreman anvi fè nan lavi a. Chak atis gen on misyon...e leu atis la jwenn misyon l, se leu sa a lap " kontan ak lavi lap mennen an". Mwen jwenn misyon pam nan e mwen ka diw mwen kontan.

IF: yn message pou tout moun kap li interview a
TMD:  Mtoujou di sa...toujou travay pouw saw vle. Travay bay eksperyans e li pèmèt ou evolye e akeri sa ou vle. Se nan travay wap jwenn respè a.
Travay pou fè rèv ou reyalize!!

IF: Merci TMD pou temps sa ke ou ba nou an
TMD: Merci Info Fiable!!

                                                    www.Facebook.com/InfoFiable

Commentaires