Gen moun ki di mil fwa.
Pito yo ret konsa
Olye pou yo jwenn yon moun kè l blese deja
Gen sa ki pa konprann.
Sa k ap pase anndan m.
Men m pa vle pèsonn panse m ap fè rezistans
Mwen renmen ak Luiz yon bèl tifi
Li pa janm ban m bò pou m fè jalouzi
Lè l soti l pa pran tan pou l vini.
Sa pa janm ase pou m lage kè m ba li
Kè m ap plede bat fò
Pa vle s on lòt ankò
Pou sa k pase m avan
M oblije vijilan
M konn santi l sensè
Dèfwa tou m paka kwè l non
Menm lè l fè kè m kontan
Nan bon kou vye moman
Lè mwen di l m m pa vle w gen twòp zanmi
Li reponn mwen yo pa ‘’n’importe qui’’
Kè m te blese deja ba l yon chans
Li di m li fè ase pou m fè l konfyans
Kè
Cheri m pa vle lage m a san pou san
Pou w boulvèse anndan m
Pou w fè m monte desann ooo (2 fwa)
Mwen poko pare, pare
Pou m viv yon lòt jan, lòt jan
Mwen sikatrize
Souvni yo pa twò bon
Mwen swete jou kè m a geri
W ap deja pran sant paradi
M a va dòlote w ak bèl ti bo
W ap jwenn tout sa w t ap chèche lontan (repriz kè)
Cheri m pa vle lage m a san pou san
Pou w boulvèse anndan m
Pou w fè m monte desann ooo (2 fwa)
Ou ka twouve m oze
Men se kè m ki pa poze
Yon jou kè m ap chanje
Cheri pinga w ale (2 fwa)
Lontan sa fè lontan m t ap chèche
Yon fanm ki fè m konn sa lanmou ye
M kontan gade kijan mwen twouve
Se li m ta vle genyen domaj kè m poko pare
Poko pare
Piga ou panse m pa konprann lanmou
Poko pare
Fò w ta wè jan kè m ap manje m chak jou...
Pawòl ak Mizik: Mackendy ‘’Mike’’ Salnave Sequencing ak Pwodiksyon: Mackendy ‘’Mike’’ Salnave Vwa: Ismael Marseille
www.Facebook.com/InfoFiable
Pawòl ak Mizik: Mackendy ‘’Mike’’ Salnave Sequencing ak Pwodiksyon: Mackendy ‘’Mike’’ Salnave Vwa: Ismael Marseille
www.Facebook.com/InfoFiable
Commentaires
Enregistrer un commentaire