Mennen'm Lwen -Queen Bee. #Lyrics

Bon van'w bèse'm pou fèm dodo Lèm swaf ou son sous dlo Sak fè lèm bò kote'w m' pa vle f'on pa kita nago Reyon solèy mwen douvan jou Sik krèm nan rapadou Pran'm mennen'm kote lavi fè nich pou moun damou Ou fèm chante, fèm kriye Lèm wè zetwal file m fèmen jem fè on ve
Mwen mande, Bondje tanpri Si'm ale, pou'l mennen'w jwenn mwen nan paradi Si'm bite ou ta pran menm ede'm leve Ede'm mare tche ròb mwen pou'm danse Fè kòmsiw pa konprann, ke se de ou map pale Poukiw blije fèm tann, pouw pran menm mennen'm ale Wo oh oo mennen mwen.
Refrain: Mennen mwen lwen lwen lwen lwen lwen yeah Avèw mwen byen byen byen byen byen
2
Devan Bondje m' pap sèmante
Fòw ta nan kèm tonnè krazem
Pouw wè jan flanm dife lanmou ak tout fòs ap boulem M' pase monte m' pase desann Kèm anraje li paka tann Ou pa menm vire gade'm vwa'w ta mande sam pot pou vann Mwen chante eee, mwen kriye Si lapli ta tonbe lespwa'm li ta rouze oh oh ooo.

Mwen mande, Bondje tanpri Si'm ale, pou'l mennen'w jwenn mwen nan paradi Si'm bite ou ta pran menm ede'm leve Ede'm mare tche ròb mwen pou'm danse Fè kòmsiw pa konprann, ke se de ou map pale Poukiw blije fèm tann, pouw pran menm mennen'm ale Wo oh oo mennen mwen.
Mennen mwen lwen lwen lwen lwen lwen yeah Avèw mwen byen byen byen byen byen .
3
Mwen ta swete, on jou a de (2) pou'n ta kontre Poum ta fèw viv, an aksyon sam vle di lèm chante Ke tè tranble loraj gronde Ke vag lanmè pote'm ale Ey BB tout sam vle se pou'w mennen'm
Wo ohoh mennen mwen Mennen mwen lwen lwen lwen lwen lwen Avèw mwen byen byen byen byen byen
Wou ou mennen ohoh mennen"m.

Commentaires