Fo Zanmi - Bozz la ft Fredlin. Lyrics

Verse 1 Depim piti manmanm ap dim fe byen se fwèt Li difisil pou jwenn yon bon zanmi mefyew de trèt Devan jew yap souri dèyè dow se fwèt Yap swete w bòn reyisit yap kwaze dwèt pou fè echèk Yap bwè nan kanari a Men yo bliye sous la Wap jwe nan menm ekip ak yo la Lè balon pral gòl yo vlel al touch laaaa Refren Oooooooooh Di yo trayizon an rann mwen pi fò Ooooooh Kout ponya nan do a just banm leson Mwen pat gen kèm poum rayi Alevwa poum ta trayiii Bondye te banm kèm poum renmen tèt mwen, renmen pwochenm, patajeeeee (2 fwa) Fredlin Moun kap rayi moun pou sa li posede Se moun sa yo ki toujou mache tèt bese Sim tretew tankou frè mwen Fèw konfyans avèk tout kèm Poukiw oblije trèt mwen Dèyè dom wap ri nan malèm Trayizon sa rann mwen pi fò Malè sa pap rivem ankò Refren Ooooooooh di yo trayizon an rann mwen pi fò Oooooooooh Kout ponya nan do a just banm leson Mwen pat gen kèm poum rayi Alevwa poum ta trayii Bondye te banm kèm poum renmen tèt mwen, renmen pwochenm, pataje (2fwa) Bridge Mwen te tankou yon sous pou yo Menm tankou siwo pou yo M t tankou jezi yo tap swiv mwen tankou disip yo M pap okipe Juda yo Bann engra san memwa yo 3 fwa kòk la pap chante yap sonje sam te ye pou yo ooo Di yo map priye pou yoooo Sak rayim yo Bondye ap toujou pwoteje yo Sak trayim yoooo Refren Ooooooooooooh Di yo trayizon an rann mwen pi fò Oooooooohhhhh Kout ponya nan do a just banm leson Mwen pat gen kèm poum rayi Alevwa poum ta trayiii Bondye te banm kèm poum renmen tèt mwen, renmen pwochenm patajeeee. Eeee, ooooo Eee, ooo, eee Yeah, Bozz la, Tapajè records.

Commentaires