Taye Banda - Renette Desir. #Lyrics

Yereswa mwen fe yon rev, yon rev pou peyi, m'we tout kote tout rakwe moun mobilier
Se pa politik sal yape fe, se pa kout dwet yape fe sou moun
Yon kanpay nasyonal ki lanse, pou sove lanviwonman


Yereswa mwen fe yon rev, yon rev pou ayiti
M'we tout tet monn rebwaze tout plenn pwoteje
Chak grenn ayisyen yo semante, pou gaye nouvel la tout kote
Yon kanpay nasyonal ki lanse pou sove lanviwonman

Ke

Taye Banda, pik makaya kap Taye Banda
Taye Banda
Latibinit kap Taye Banda
Taye Banda
Savann dezole kap Taye Banda la men basen blé kap Taye Banda
Lajwa blayi nan tout ke mwen, ke'm pa sote pou landemen
Tout timoun kap grandi, yava rejwi, yava di yon mesi à l'infini

Taye Banda
Po de Pe kap Taye Banda
La vale jakmel kap Taye bande
Vi'n we Pô sali kap Taye Banda la
Mrn jeremi kap Taye Banda

Nan pwen fatra ni polisyon
Se gwo koze nan tout bitasyon, se tout moun kap chante yon melodi
Yap di viv ayiti peyi chéri

             www.Facebook.com/InfoFiable

Commentaires