Nwèl Pa M - Fatima et Shishie.

Nwèl pa'm
Se lè'm kontan
Lè nap viv ansanm
Se nwèl lontan
Mpa bezwen gwo lajan 
Konsa mwen fete nwèl
Konsa mwen fete nwèl (2x)
Shishie:
Aprè 11 mwa kalamite ak toumanm pase
Dènye mwa sa se mwa pam pou mwen banboche
Avèk fanmi mwen
Avèk tout zanmi mwen
Menmsim pata gen yon goud sa pap anpechem fete
Manmi papi tanpri pa dim akileu poum rantre
Lajounen se pou nou
Lannwit se pou zanmim li ye
Pete peta, limen fanal , al nan pwogram, manje fritay
Se konsam pral fete
Fatima:
Nwèl pa'm se lè'm an pè
Peyi'm ap byen mache
Ak tout zanmim mwen ka soti antre san'm pa strese
Ale nan reveyon pou'm al priye Bondye
Pase lakay fanmi an'm yo pou mwen ka al manje
Nwèl pa'm se Le mwen kontan
Nwèl pa'm se nwel lajwa
Menm sim pa gen milyon depi Nou gen linyon
Nwèl pa'm se mwèl lanmou
Nwèl pa'm se nwèl gete
Konsa Ma di map fete nwèl
Fatima:
Monte nan mòn yo
Gade syèl la
Na wè jan'l bèl
Shishie:
Ti sentaniz
Timoun lari yo dwe fete nwèl
Fatima:
Move lawon yo!
Lage peyi a pou'l fete nwèl
Shishie:
Tout moun ki dwe'm yo pote ti kòb la
Poum fete nwèl


Commentaires

  1. Playtech Casinos in Arizona 2021 - Dr.MCD
    The best online 출장안마 casino games at Dr.MCD If you prefer the traditional slot machines, gri-go.com or prefer games with septcasino.com progressive bsjeon.net jackpots, wooricasinos.info then

    RépondreSupprimer

Enregistrer un commentaire