Lè politik tounen yon biznis se yon decheans sosyal.

Ayiti, pa jwi premye plas  la nan sosyete a,  se politik ki anvayi tout espas la. Majorite popilasyon silansyez la, rete an obsèvasyon sou pwoteksyon yon leta ki depase, paske fos represif la, pa nan men leta peyi a..

Polisye nou yo pap ka konbat sektè kriminel la, yo gen bout zong yo e anpil ladan yo, ap viv nan men kominote ak jèn ame sa yo,  kap bay sèvis ak lidè politik nou yo, se pou sa nou ka jwenn tou gen polisye ki chef gang tou.  Sektè kriminèl la se yon biznis ki trè rantab.

Lè sektè kriminalize a pale de sosyal, se jwen gang yo, pou yo ka poze, pou yo pa leve, paske yo ame. Kenbe sektè sa'a trankil la, pa yon solisyon, se nouri yon kansè e lè kansè sa rive nan faz final, tout peyi a ap tèt anba e jodia li komanse evidan pou nou tout.

Koripsyon ak travay ki pa genyen,  se eleman sa yo, ki nouri decheans sila'a. VIV DE POLITIK.

Sektè kriminèl la pran nesans nan monte pouvwa'a demokratik la, li te  boukliye pou proteksyon pouvwa sa'a kont manm pouvwa diktati a. Enpinite byen vit konsakre li tout fos pouvwa, pou li jije e kondane, Yon kri m ki te orib e fèt sou je tout pasan, kolye kawoutchou anflame. <<Pè Lebrun>>

 Premye wol li se te debarase peyi a de Tonton makout e moun ki te asosye ak reji m diktati a. Se konsa nou te viv anpil egzekisyon somè an plen jou nan mitan la ri, nan tout peyi a. Sektè kriminèl sa'a te monte de tout pyès e byen vit li te vini enkontrolab,  Jodia, se eritaj sa'a ke peyi a erite.

Sektè kriminèl la se bourik politik,  yo okipe beton an ak bonn fwa e espere ap gen yon chanjman pozitif nan kondisyon vi yo, sa  yo dwe realize, yo se you zouti pou nèg rive, yo pa konte, se la vi yo yap gaspiye. Yon jou konsa yap tonbe. Aktè politik  sèvi ak yo kon bra ame e konsa pou akapare pouvwa.

Kanpe bagay sa'a ta mande pou yo ta dekrete ke peyi a an eta de syèj, zero tolerans. Bay tout jèn ki vle entegre sosyete a, yon lot vwa pou yo reprann la vi yo, nan yon sektè ki prodiktif e valorizan pou yo.
Egzamp: Fome jèn delenkan yo, mete yo tou to lon fontyè nou an, pou veye teritwa'a.

Eta de syèj la, tap fasilite tavay netwaye Ayiti a

Opozisyon pozitiv ki wè peyi, tap pote sipo yo.  Opozisyon radikal la ke sèl objektif yo se pouvwa'a,  yo tap fèl pase an pèsekisyon kont popilasyon an, yo tap sèvi ak sa pou pran woulib nan fè deklarasyon ensan dyè pou soulve kontrevès e enpoze peyi a jwenn stabilite e fonksyonen pou sitwayen peyi a ka retounen viv byen ansanm avek bon jan akonpayman leta.

Administrasyon peyi a dwe pran plas li e se sistèm jidisyè a ki dwe asire sa, pa aplikasyon lwa yo, san pati pri.

Gen deklarasyon ensandyè ke lidè ap fè, si sistèm jistis la, te gen moun kap aplike lwa peyi a,  yo te dwe reponn devan la jistis e kondane yo lontan deja. Se tout derive sa yo, ki plonje peyi a, nan kachoubounbe li ye jounen jodia.

Moun kap mete lod nan peyi a, dwe fè alians a polilasyon an, nan chita pale an proximite pou tout sosyete a ka byen konprann dinamik politik sanguinè kap depafini ak peyi a.

Dwe gen volonte e yon bonn konpreansyon  stratejik,  ki dwe mete an faz pou netwaye peyi a de kansè sa'a,  ki rele politik beton, kap depafini ak peyi a, e anglouti jenès peyia, ki se espwa demen pou yon lot Ayiti.

Nyrvah Florens BRUNO,
Direktris jeneral
Mouvman Solda Ayiti Ayiti Solda,
Vis-prezidant
Biro kriminoloji Anpirik Dayiti
WhatsApp : 509 3821 4693
nyrvahfbruno7@gmail.com
www.bcehaiti.blogspot.com


Commentaires