PREMIER COUPLET (FATAL)
Listwa pa janm gen tò yon pèp ki bliye listwa l kondane pou l reviv li
volonte n pat dakò malgre nan tout sa n pat kwè nou te oblije viv li
t’anbake nan menm pò mennen nou nan-w peyi kote n pat konn pèsòn pat konnen okenn tan pat konn ivè otòn mennen nou nan-w peyi fè nou goumen ak san n mennen nou nan-w peyi fè nou bliye aksan n fè nou bliye kilti n, bliye bon gou lavi menm lè nou t’ap priye gen mo nou pat ka di
fè nou bliye plezi, bliye si gen demen e mache men nan men menm lè se anba redi pase peripesi men n bati Ayiti pou n fè fòs gro tanpet, rasanble an kachèt
men’n lè pat yon pakèt nan mitan n pate fèt pou gen trèt ann pa ezite travay kole tèt jiskaprezan fòs nou c nan linyon li ye wi kareman nou f'on nòs nap miltipliye Wi nou te pè, nou te kwè nou di nou pi fò wi nou de gè ou te wè ou fè nou di tò premye repiblik nèg ki ouvè tout pot yo lib e libè n ouvè je nou sou tout lòt yo
CHŒUR
Siw wè kote n demere Siw wè kote n demere Nap peye lajan pou saaaaa Pou saaaaaaaa Se wè yo wè nou Mezanmi nou pi fò eeeeeeee Woyowoy kouman nou ye Woyoyoy rasanble Woyoyoy woyoyoy Se wè yo wè nou mezanmi Nou pi fò eeeeeee
SECOND COUPLET (KEN FS)
Nou pa fè pati pèp ki kap kité aza désidé de sò nou
Nou kwè nan batay pou sa nou vle e n kwè nan pwòp efò nou Kantité pa detèmine fòs la nou pa pè E lè n ansanm wap defye menm lèw atakenn lè nou pa prè Konbyen nan nou k viktim chak fwa nan do yo bann atak Lè yap krazé ban defans lòt bò nap plasé ban d atak Nou rebèl sak ka fè nou ret atè aprè Bondye? Si e swa n lib oubyen n mouri pa kriye viktwa lè n tonbe Nou gen kran, bon e sak fè n rete gran nèg Ide nou gen fon ak inite ann rete fran nèg Pou tout bon yon lè sou tèt nou nap chase blan nèg Gran ou mèg ann leve kanpe pa pèdi tan nèg Ann jete klas , ann jeté ran Jete basès, imilite n se veteran Rete jeyan sou tout fòm yo ta ban n envès la Nou pi fò nap pase l nenpòt jan yo ta ban nou tès la Janw wè nou gaye la n pa mal pou rasanble (Di yo) Se yo k vle mete nan tèt nou ke nou pa sanble Yo kontan lè n dizive yo pran peyi a fann an de M vle n konprann la gè antre nous meté libete n an je Wi kale je n men se lè nap gade a kè n Nap ka idantifye sa k ènmi nou nap ka wè sa k frè n Peyi a bezwen tout pitit li an nou swiv li Pou yon lot viktwa ransanble pou nou viv li
CHŒUR :
Siw wè kote n' demere Siw wè kote n' demere Nap peye lajan pou saaaaa Pou saaaaaaaa Se wè yo wè nou Mezanmi nou pi fò eeeeeeee Woyowoy kouman nou ye Woyoyoy rasanble Woyoyoy woyoyoy Se wè yo wè nou mezanmi Nou pi fò eeeeeee
TROISIÈME COUPLET (ATRÒS)
Nou la poun reziste N' pa Gen dwa deziste Toutotan n' egziste Fòk nou ka egzije Pataje dè Ide Fòk nou ka egzibe Ki moun nap dezinye Pou n sispann rezinye L'union fait la force se deviz yon pèp Ki ka ban n' plis fòs e metriz kont trèt Fòk nou fè ankèt Menm nan legliz sankrent Kiyès kap pran tèt San betiz san fent Kristòf Kolon te debake L' pran tout sa n' posede Fransè kolon yo te pase Tankou yo t'obsede Yo maltrete n' yo kalote n' fè nou bliye kisa nou ye Yo tackle pye n' Yo balote n' Nou pat gen dwa di sa nou vle Sa pat anpeche n'envante Libète pou tout nwa San n' pat peche n' te enplante N' te goumen si toutfwa Yo ta bliye yo ta oze Fò n pa kite yo kapote Nou pap pliye nou ka pote N' son pèp ki lye san radote Nou son pèp ki fò (wi nou fò) Menm si n'pa pale pi fò Nou bezwen sipò (ban n' sipò) men n pa bezwen konn ki sò Lavi rezève pou nou Tout dwa egzèse sou nou Tout tantativ tout eksperyans Yo tout devèse sou nou Manm gouvènman yo kòwonpi Pa gen misyon yo ka ranpli Sak pi konsyan yo pa anpil Sa kap vòlè yon panopli Malgre tou nap met ponyèt N' konnen yo onèt Menm jan n konnen n pa pwofèt Men nap travay san n pa pwomèt
CHOEUR:

Tous droits réservés | Juillet 2018 - Rockfam.
www.Facebook.com/InfoFiable

Commentaires
Enregistrer un commentaire