(Jethro J.Seremé)
Genyen ki pa konn a nan fèy malanga
men yo konn tout Taktik tout teknik
pou pitan yo fè siksè nan lavi
(Maestro ZAZOOO)
Gen anpil tankou pa'm nan
ki pa gentan jwi pitit yo
Tansyon,Sik,Maladi Kè,Malnouri
souvan konn koz yo pèdi vi yo
m'santi'm fyè pou sa'm ye jodi a
menm tap pi fyè si manman'm te la
Maestro ZAZOOO MONPLAISIR
o o o o o o o o.... oo oo
(Poppy Duverné Reskape)
Nan mache se yo,tèt kamyon se yo
madan sara se yo,pou pitit a yo
(Osias Alexandre)
pennitans se yo,kole pyese se yo
peripesi se yo, pou pitit a yo
(Sherley Richard)
pran ponya se yo,imilyasyon se yo
pwoblèm se yo,pou pitit a yo
(Aquela Dorvil)
wè wè Dèfwa pwoblèm lavi
konn vle tiye yo
travay kay gwo zouzoun
konn fè menm yo imilye yo
(Romy Laguerre)
pou nou yo pa pè lapli solèy cho
depi yo pran lari'w mèt espere
menm son vye mango
(Thony Cherisier)
De kiyès map pale ?
Vinn di'm de kiyès map pale la
(Samuel Cherisier)
De kiyès map pale ?
si'w sou men'w
de kiyès map pale la
(Tout moun)
map pale de ti manman cheri'm nan
manman vanyan'm nan
l'toujou panse pou mwen anvan
gwo mèsi pou ti manman cheri'm nan
manman vanyan'm nan
l'toujou panse pou mwen anvan
(Dorca Nelson)
genyen ki vann manje kwit
sa kap vann dlo nan bokit
(Vonia F.Berger)
Lote chabon nan mamit
Chache lavi pa ti mamit
(Emmanuela Isaac)
genyen k'konn vle pèdi lafwa
bouske lavi yo pa gen chwa
Yo Oblije pran'y Konsa
se yo'k manman se yo'k papa
(Tout Moun)
o o o o o o o o.... oo oo
(Tout moun)
map pale de ti manman cheri'm nan
manman vanyan'm nan
l'toujou panse pou mwen anvan
gwo mèsi pou ti manman cheri'm nan
manman vanyan'm nan
l'toujou panse pou mwen anvan
(Marcnal Estelhomme)
Genyen k'konn vle abandone
move lavi ap maltrete
yo pa janm dekouraje
tèt pa koupe yo espere
(Junior Clergé)
Gen nan yo k'konn atriste
pwòp pitit yo ap maltrete
lè zanmi vinn vizite
menm manman yo pa prezante
(Deborah Henristal)
Mwen ta renmen fèw sonje
doulè traka manmanw pase
gad kijanw byen edike
men manmanw pa pale Franse
(Nadia Pierre)
Gwo Mèsi Pou ti Manman vanyanm nan
Bèl ti manman cheri'm nan
(Junior Occean)
toujou renmen'w
renmen'w pou toutan
(Tout Moun)
o o o o o o o o.... oo oo
(Maestro Gaby DMA)
Manman la nan nwit kou lajounen
nenpòt sak pase'l pa plenyen
(Tout Moun)
o o o o o o o o.... oo oo
(Joab Patrice)
Rich kou pòv nwa ou blan
tout manman se manman
yo tout nèt dwe gen menm tretman
(Tout moun)
map pale de ti manman cheri'm nan
manman vanyan'm nan
l'toujou panse pou mwen anvan
gwo mèsi pou ti manman cheri'm nan
manman vanyan'm nan
l'toujou panse pou mwen anvan
(Midderline Bien-Aimé)
Dèyè chak gran zòm
gen yon gran fanm ki se yon manman
(Stefania Tilus)
Dèyè chak gran fanm
gen yon gran fanm ki se yon manman
(Garendy Charite)
yo pa pè doulè zantray
yo se poto mitan
yo pa konn lapli ni siklòn
janbe plenn.ranpe mòn
(Jethro J.Seremé)
Yon Gwo lonè yo
gwo respè pou ou manman
ou tèlman espesyal pou nou
www.Facebook.com/InfoFiable
www.Facebook.com/InfoFiable
Commentaires
Enregistrer un commentaire