[Verse 1]
M konn ap veye granmoun ki chita ap pale
De zanmitay nan le pase ke jodi a yap chèche,
Mwen konn tande moun kap di ke lanmitye
De nos jour pa janm dire gen sak di l pa egziste,
Men lè m gade mwen avè w tout sa nou pataje
M pran diksyonè an mwen pou m chèche
M pa wè lòt sa w te ka ye

[Refrain]
Ou se solèy nan lajounen mwen
Bel linn zetwal nan lannwit mwen
Ou se lapli le sechrès mwen
Ou seee
Ou se sèl nan manje m
Enkanasyon bondye nan je m
Batman kè mwen
Wi ou se pi bon zanmi mwen
Ou se solèy nan lajounen mwen
Bel linn zetwal nan lannwit mwen
Ou se lapli le sechrès mwen
Ou seee
Ou se sèl nan manje m
Enkanasyon bondye nan je m
Batman kè mwen
Wi ou se pi bon zanmi mwen
[Verse 2]
Si w byen gade w ap wè se sak pa manke
Nan fon kè w si w byen chèche w ap jwenn youn kite kache,
Sa konn rive kè n gen kont fè ti fache
Fè kèk tan sann pa pale menn toujou rekonsilye.
Koz lè n gade mwen avè w tout sa nou pataje
Nou patap janm ka imajine ke'n genyen poun separe

[Bridge]
Ou konn sa m vle lè m pa mande
Ou konn sa m panse sanm pa pale
Lè m bezwen'w ou pa janm twò lwen ou pran defans mwen
Ou konn janm ye lè m pa kontan
Suporte m nan move Moman'm yo
Ou voye jew sou mwen detanzantan

Commentaires
Enregistrer un commentaire