Carel Blain repond aux Questions de "Info Fiable"

Carel Blain se youn nan pi gran atis peint nan peyi a, jodia nou pral ede'w dekouvri gro potorik gason sa pou konn kiyes li ye tout bon...


I.F: Bonsoir Carel Blain kijan ou ye?
C.B: Anfom Info Fiable nap kenbe.

I.F: Fe yn ti pale nou de ou?
C.B: Mw se Carel Blain mw edidye nan Etazini men kounyea map viv ayiti, mwen pa aprann penti se yon don ke BonDieu ban mwen, mw ap pent depi 21 lane, mw pent vizaj, peyizaj, frui men mw plis renmen fe potre.

I.F: Ki move souvni ou nan metye a?
C.B: Si'm te gen yon move souvni mw pa  tap kontinye fe pentu, mwen priye anpil et
 mwen respekte Bon Dieu.

I.F:  Qui Artiste prefere ou?
C.B:  Artiste prefere mwen se Jean Claude legagneur

I.F: Kisa ki make ou plus nan metye a?
C.B: La mort de ma mere chef de ma critique. Sete sel moun ki te konn banm verite.

I.F: Pou ki rezo ou fe penture pou plezi ou biznis?
C.B: Pour plezi, penture se yn amour yon inspiration.

I.F:  Si ou pat yn artis pent kisa ou tap ye?
C.B: Mwen jwe guitar et mwen gen 4 diplome nan: Marketing, Mieux Vivre, Relation Humaine, ak Masseur. Mais la peinture c'est ma vie, nan serkey mwen se pou yo mete yon tub peinture , penso ak twal pou mwen avek yn kasket paske mwen renmen sa anpil.

I.F: Ou travay sou diplome ou yo deja?
C.B: Rareman mwen travay sou yo.

I.F:  Eske ou fe potre yn artiste deja?
C.B: Oui, Oprah Winfrey, Wyclef Jean, ak Bob Marley.

I.F: Eske sa rive deja pou ou we yn fi epi ou al fe potre fi sa?
C.B: Oui souvant, mwen pent fi ki nan gou'm depi mwen renmen expresyon fi a map pent li.

I.F: Nan 21 ans sa ou genyen nan metye a ki meye tablo ou fe?
C.B: Meye tablo mw fe a te rele "Tripotay" fok mw di'w tou mwen renmen pent jes tankou: Yon moun kap manje mango, moun kap lave.

I.F: Eske sa rive deja pou yon moun vinn kote'w epi li pa jwenn tablo li bezwen an nan main ou?
C.B: Sa rive toutan men se pa paske mw pa fe yo paske mwen fe tout tablo,  gen moun ki konn vinn achete yo type tablo ke mwen finn vann deja , mwen just fe yon lot pou moun nan.

I.F: Pandan 21ans sa ou ka konte konbyen tablo ou fe nan vi'w?
C.B: Mw fe plis ke douze mil tablo pandan 21 lane sa. Et pou mwen bay yn moun yon tablo pi enpotan ke vann.

I.F: Jodia depi ou di yon moun Carel Blain li deja we kiyes konbyen tan ou te pran pou fe nom sa?
C.B: Fe nom ou pa yon bagay fasil, mw te pran 10 ans pou'm fe nom sa, paske fok ou konn tout kouleur , les nuances des couleurs chaque kouleur gen yon lot kouleur ki mache ak yo.

I.F: Eske ou pa konte mete yon lekol penture sou pied?
C.B: Map konsantre'm sou sa, menm mwen aprann anpil jenn metye a tankou: Jean Bernard Thomas, Bob Bazil, Evens Laroche, Jonas Eustache, Louis Martines, Stephanie Conde Ti Pinez ak lot.

I.F: Pami tout moun sa yo de kiyes ou pi fye?
C.B: Mwen plis fye de Ti Pinez au point de vue de Respect et Inteligence, mw te profesel nan moto tou.

I.F: Eske gen yon moun ke ou te konn kopye?
C.B: Wi, Picaso, Cezane, Renpraint, Vangoh.

I.F: Eske si ou tap rekomanse ou tap rekopye yo?
C.B: Oui paske se legend yo ye..

I.F: Ou di penture se yon don menm eske te gen yon moun ou te aprann de li?
C.B: Non si mwen te aprann de yon moun penture mwen yo tap reflete moun nan.

I.F: Ki pi gro expozisyon ou patisipe?
C.B: Art Bazele en 2012.

I.F: Se sel ayiti ou gen tablo ki expoze?
C.B: Non mw gen tablo ki expoze New York, Canada, la france.

I.F: Pami tout peyi sa nan ki peyi ou vann plis tablo?
C.B: Ayiti. Mw fe yn expozisyon chak ane nan le florvil.

I.F: Eske ou konsidere tet ou tankou yon legend?
C.B: Se pa mwen ki pou konsidere tet mwen tankou legend se lot moun, et yo fel deja.

I.F: Ki premye fwa ou met yn penso sou yon twal?
C.B: An 93 mwen tekonn fe desin sou lot bagay men sou twal sete an 93.

I.F: Pou nou fini kijan ou we ou nan 5 ans anko?
C.B: Kontinye travay red se konsa mwen mwen nan 5ans anko.

I.F: Ki konsey wap voye bay tout jenn ki ap suiv Info Fiable et ki vle vinn tankou ou?
C.B: Tout atis rete andeyo de alkol ak drog, li ap laguew nan trou paske wap vinn depann de li, mwen pent chak jou de 9h a 6hPM mwen pa goute alkol nan le sa yo, apre siw vle ou ka pran yo men si wap pran yo pou travay jou ou pa jwenn yo ou pap ka travay anko. Epi le nou ap pent fel an varyete paske ayiti se yon peyi pov fok nou manje...

I.F: Mesi anpil Carel Blain deske ou te konsakre tan sa pou reponn kesyon nou yo...
C.B: Se mwen ki pou di nou Mesi...


N.B: Nou Ka vizite Carel Blain nan  97, Rue Panamericaine, Bagatelle Plaza, Petion-Ville

Sponsor de Info Fiable: 
Chalet Tropical Hotel Resort
                                                       
                                                      www.Facebook.com/InfoFiable

Commentaires