Papa San Travay - 55 aktif. Lyrics

                                                               Entro 
Olicass  banm yon ti volume nan kas la tanpri  mizik sa se poutout papa kipap travay yo reskonsablite yo tout se sou may yo big up big pope vital ou tandem 

                       Refren 
Mw se yon papa ki pap travay sou do M gen anpil chay 
M pa jwenn prete m pajwenn travay
Nan lari ya m a met  may 
 Lekol poum peye Lwaye kay poum 
peye
Pou Mw lavie A konplike chak jou fom bay lamanjay (bis)

                1er vès
Mw se Yon papa kipap travay 
M papou le 2 m pa pou le 3 
Mw pagen chèk mò m pa gen vivan 
chay  Ki sou dom GEN anpil pwa  
Madanm pitit  poum bay mange  
Chak lekol la pou Mw  peye  
Em GEN fanmi pou m  jere
M chage tizanmi sou kote 
Sou mw espwa   yo tout  mete  
Se Byen konte mal kal kile 
M gen volonte Men m pap travay reskonsablite m tout  sou may
Bagay yo krash dè fwa  M vole Mw pajwenn poul Mw pa jwenn pay 
Se gran may map bay 
Mw pa vle  fòse lanati 
Poum papase nan ge zegwil
Lavia ban m  yon kle kou
Tout problèm yo met pye sou koum   
Siw poko ka konprann toujou 
Lèw papa Wap konprann Yon jou 
Mete timoun lekol se youn 
Voye l lekol chak jou se 2 

(Kob bwat Wap fè  nan Yon mwa 
Li ka peye yon trimès lekol la )

Si ou pap  travay ou wè Ki kaw ou Pagen kredi nan Men machann pyès moun pap mandew kisa w pot  pou vann mizè grangou a kenbew nan gagann   Ou oblije se bondye wap tann Madanm pitit ou paka defann            
     
                  Refren 
Mw se yon papa ki pap travay sou do M gen anpil chay 
M pa jwenn prete m pajwenn travay
Nan lari ya m a met  may 
 Lekol poum peye Lwaye kay poum 
peye
Pou Mw lavie A konplike chak jou fom bay lamanjay (bis)

                  (Vès 2)
sou  yon moto yon bon patnèm  
Mw te konn bay 2 kout gidon 
Semèn pase police kanpe m
Pou  lisans  mw pat genyen 
Eli potko menm GEN asirans 
Nan lari A mw tap pran yon chans
Bagay yo mal Pase 
Dandi  bakup la kanpe mw gentan wèm penitansye 
 Mw oblije repanse
Gad Yon touman 
 Tout bon Mw pran nan ron
Lavi ap bam Mw degoutans 
   Bagay yo konplike 
M pagen rele m pagen reponn
 mresi santim bouke 
Imilyasyon ak desepsyon 
Se   yo m toujou kwaze  
Anpil  fwa m konn anvi touye tèt mw 
Menm pakonnen  demen kisa 
Lavia   sere  pou mw 
 Nan lari m pavle kite pitit mw drive pouse  bon prochen ki pral longe li lamen 
Okipasyon mw anpil 
Mw gen anpil det poum peye 
Mw konn soti dèfwa nan kay la  sanmanti mw pè antre 
sekomsi li te ante lèm kouche m pagen domi nan je lespri mw toumante 
                    Refren 
Mw se yon papa ki pap travay sou do M gen anpil chay 
M pa jwenn prete m pajwenn travay
Nan lari ya m a met  may 
 Lekol poum peye Lwaye kay poum 
peye
Pou Mw lavie A konplike chak jou fom bay lamanjay (bis)

                    Out tro 
Respè pou tout Papa ki pap travay anndan getto yo sakap vann dlo papa kap lave machine yo chofè moto kamyonèt bus yo (graphiccute le chonchon.

                                          www.Facebook.com/InfoFiable
 

 #Papasantravay 
Composition ´55aktif
Paroles ´et melodie ´55aktif et jameson Ulysse 
Chanter ´55aktif
Production ´ho sound studio & KRS
Enregistre ´et mixer ´olycass ´ho sound studio
Durée ´3.57
Année ´2016

Commentaires