Mizik sa se pou ou m konpoze l
E m konnen tout radyo pral pase l
Kò m wap tande l separasyon sa m pat janm vle l
Men w pat konn sa k renmen
Se shopping tout lajounen
Men lanmou pat fèt sèlman de mwayen
Koman w vle pou relasyon sa mache
Si se pòch mwen sèlman w vize
Li gen valè men li pa bay bonè
Mwen pa ka konprann yon fanm ki kiltive
Fè gason sèvi eskalye
Kòm ou pa wè cheri m pot limyè
Refrain
Lanmou an danje
Kounye a pou renmen fò w negosye
Lanmou an danje
Nèg kap depanse medam y ap chache
Lanmou an danje
Bay bèl afeksyon sa pa konte pou yo
Lanmou an danje
Paske se lajan kap kòmande
II
Cheri di m kilè ou va pran leson
Pou kout ba w pran nan men jèn gason
Si mwen m te ou m tap mennen vi m yon lót fason
M tap met plis stabilite aji ak matirite
Paske lanmou se responsablite
Ou fenk konnen m ou gentan ap banm bil
Ou pran gason pou jwèt ak pil
Pourtant on m'a appris que l'amour n'a pas de prix
Mwen pa ka konprann yon fanm ki edike
Ki de kalite nan yon sosyete
Tan l pou l travay li pito mache bay
(Refrain)
Lanmou an danje
Mwen di kounye a pou renmen fò w negosye
Lanmou an danje
Nèg kap depanse medam y ap chache
Lanmou an danje
Bay bèl afeksyon sa pa konte eee
Lanmou an danje
Paske se lajan kap kòmande
Eee yaaa
Oh oh ohoh
III
Sa pa vle di mwen inyore
Ke lajan se yon nesesite
Men lè nou ba l priyorite
Tout santiman vin neglije
Lè sa nou ba li tout rezon
Pou met dife nan tout lyezon
Sa vle di le se yon gwo pwazon
Kap 2 moun nan divizyon oh (zbzinfolive)
Lanmou an danje paske tout moun yo chanje
Lanmou pa prime se enterè ki konte
Lanmou an danje paske tout moun yo chanje
Lanmou pa prime se enterè y ap chache.(zbzinfolive)
Sa pa vle di mwen inyore
Ke lajan se yon nesesite
Men lè nou ba l priyorite
Tout santiman vin neglije
Lè sa nou ba li tout rezon
Pou met dife nan tout lyezon
Sa vle di le se yon gwo pwazon
Kap mete.....(atchou by the way )
www.Facebook.com/InfoFiable
www.Facebook.com/InfoFiable
Commentaires
Enregistrer un commentaire