Rockfam - Pleyonas /Lyrics #Kanaval2016

Intro Wendyyy
Avanse avanse. Men Rockfam lame a rasanble
Pa try Bare ni rivalize Menm lèw gon asanble
Yo di se yo ( tout se vye odas)
Yo Pa vle Admèt ( tout se vye odas)
Et nenpot konplimanw fe sou saw pral tande a tout se PLEYONAS
Bridge
Nou ka manifeste san nou pa nan kraze brize/ nou paka vinn rete se sou la haine nap remize/ vye maladi ak chire pit se sa pou'n evite/ nou g'on peyi pou'n ancheri se sa li merite.
Pikan
Eskew ka konprann kisa sa vle di
Onzan nou egziste nou pa janm febli
Mafia pa sezi, sa ki egri yo kap megri
Fok ou pran menw sou beton Pleyonas kap mennenw
Mwen pap jennenw avanse vinn montrem sak Nan renw
Refren
Zen Pete Sak tap dòmi yo reveye
Yo pran Nan Zen Pete tifi a pa gen ren k' rete
Annale vinn mobilize Nan jazz la
Annale Annale Annale pou nal sakaje channmas la
Siw ta di lame a pi bon wap fe Pleyonas
le yo pran Nan piman yap kite odas
Ane a ankò tout pèp la leve en mas
Tout koten pase son sel bagay yap pale (bis)
Atros
Siw deside krazon peyi k'an feblès
Wap fè pleyonas
Siw di Haiti son peyi k'an detrès
Wap fè pleyonas
Met bon sans pa pran chans
Konesans pa nan rans
Pran konsyans ka fè sans
Fè vyolans wap fè pleyonas
Nou vinn poun amize n'
N'avize w nou san presyon
Nou tout se akize
N'pap mize pou n' pran kesyon
Atansyon vagabon
Prekosyon pa kapon
Emosyon sa pa bon
Se opsyon pouw fè pleyonas
Bridge
Yo sote yo ponpe yo joure yo babye se paske tèt yo cho Tèt yo cho tèt yo cho
Yo sote yo ponpe yo joure yo babye Yo pale se paske tèt yo cho Tèt yo cho tèt yo cho
Toppy X
EDH pa ba nou kouran
Chalè nan bouda nou
Nou pral rale mayo drapo poun ba yo van toupatou Bayo van Bayo Van Woy leve mayo vire (bis)
Black out tout kote, ventilate nou paka Vire
Chalè nan bouda nou rale mayo nou pou nou vire
Bayo Bayo Van leve mayo Bayo yo van Bayo van
Jah B
Fanatik yo di yo soude pou lavi si Rockfam pa la pèp la pap jwenn plezi depi sou gran ri nouvel la pran lari tèlman nap bien fèl egri yo pral megri
men se ale nou praleeeeeeee
pase nap paseeeeeeee
avan ti souf la koupeeeeeeeee
pran plezin San lèse frape
Big Jim
Kombyen jouw te dim gen pou'n al fete ( un deux trois)
eskem gen nan menm poum al fè zin pete (gen dekwa)
ou pral plenyen (je crois/ e ou gen devwa)
siw paka jere frap sa patizanw gen ( 2 chwa/ se swaw avèm oubyen ou kanpe anfas mwen/ em pap bay chans ane sa paskem gen bagay nan nas mwen.
Knaggs
Sa vle di siw pa anfòm ou ta mèt tou rete anba fè wonn palais
Paske lè n' deplwaye nou baleye tout moun alawonnbadè
Antre andan dure lontan tout se pleyonas
Soti deyò refèl ankò men poutan wap fè pleyonas
Ou tèlman bay dlo wap naje nan dlo sa son pleyonas
Chalè Rockfam nan telman byen chofe
Siw ta di lame a pi bon wap fè pleyonas tonnèèèèèè
Reprise choral
Fatal
Yo konnen bien depi c kanaval c Rockfam ki pran tèt mouvman
mete grif sou kote nou pa gentan pou nou jere jouman
Nou pa Nan vye frekantasyon, nou pase de presentasyon
Gen sa ki wèn monte juskaprezan yape mande kouman
Pikan
Ebyen bon Ane a n' pote yon lòt koulè
Lè lame a ap pase fon fason met mont ou sou bonlè
oh oh Mafia pa goumen vyann
Oh Oh (Enfant têtu) lew rive channmas wa konprann.
Reprise Jah B
men se ale nou praleeeeeeee
pase nap paseeeeeeee
avan ti souf la koupeeeeeeeee
pran plezin San lese frape
Bridge
Manmanw voyew lekòl
pouw pa fè pleyonas
olyew chita nan klas
wal plenyen ak pwofesè a
(Koral )Manmanw voyew lekòl
pouw pa fè pleyonas
olyew chita nan klas wal plenyen ak pwofesè a
Zaza Zeze Zizi Oh Oh (bis)
Pouvwa lame a renouvle (3 fois)
Sak fache atake ane sa nou pa jwe (bis)
JB Thomas
Wi pou tout sa ki ale yo Channmas pap bliye yo
Nan memwa yo chante pou yo, jete dloooooooooooooo
(Black Alex rest in peace)
PREACHA
Moun Okap (Prezan)
Moun pòdepè (Prezan)
Gonayiv, Mibalè
tout moun jeremi (Prezan)
Moun okay (prezan)
Tout moun jakmèl (Prezan)
Siw pap fè pleyonas mete ti dwèt anlè anlè anlè anlè anlè
Yo di Rockfam nan awoyoooooooo (Pleyonas)
Gade kijan chalè a chooooooooo
(tout se pleyonas)
Deesann anba monte anwoooooooooo
(Pleyonas)
Siw di vòlè ap baw matooooooooo(tout se Pleyonas)
Ti gele (ou pa anyen)
Gateras (ou pa anyen)
Madigra (ou pap ka fem anyen)
Egare (ou pa anyen)
Chaloska (ou pa anyen)
Ti pòlka (ou pa anyen)
Anesa (ou pap ka fem anyen)
Pouvwa lame a renouvle (3 fois)
Sak fache atake annee sa nou pa jwe
Bridge
Manmanw voyew lekòl
pouw pa fè pleyonas
olyew chita nan klas
wal plenyen ak pwofesè a
(Koral )Manmanw voyew lekòl
pouw pa fè pleyonas
olyew chita nan klas wal plenyen ak pwofesè a
Zaza Zeze Zizi Oh Oh (bis)
OUTRO
Get out of here man shiiiiiiiiiiiiiiiiiitttttt
You know what i'm saying


Commentaires