Si Rap Pata Banm Kòb - P-Jay

[Verse1] 
Mwen di w si rap pa ta ban m kob 
Kwè m tap youn nan pi gwo raketè 
Di m a ki kè pou m pa ta gen cash, kounya pou m ta nan grate tèt 
Menm lè m grangou m ap jemi, ou tap wè m devan DGI 
Ak yon vye frè m, nou tou de ap bras tankou se 2 jeni 
Dayè m grandi pi ba palè, wi m abitye viv nan mas 
E si rakèt la pa ta bay, m tap lage m nan ri chanmas 
Se la m tap bras, chage anfas 
Li ka ba w kou li pap kite tras 
Menm lè l fo pyès pap wete yon pyas 
E si gen cho n ap chanje plas 
E m pa care si w rele m dasoman 
M pap rale zam pou m friz, men poutan m ka ba w mato man (yeah) 
Apre tcheke m bò katedral 
Menm lè m konnen si police vini nou pa ekate bal 
Bò laria'n se la n fè lè, gen bèl femèl e bon flannè 
Gen arimay depi l f on lè ,tout nèg jwe kwen 
Bò isit menm sa k diplome pa ka jwenn djòb 
M t ap reziye m brase lari si rap kreyòl pa ta ban m kòb 
[Verse 2] 
Wi kòm m gen anglè m sou mwen pafwa m ta ka fè ti djòb gid 
Lesansyèl sè ke m pa janm rantre lakay ak pòch mwen vid 
Lè m bouke ak strès anba a, nan on bal pèpè m pran on vès anba a 
Destinasyon m pa lòt kote, monte dwat imigrasyon 
Foto imedya, ou pase rapid wi san fristasyon 
Pase dosye sekirite fò w ka ba l bon distraksyon 
E si l kenbe w, konnen ou g on mil goud ki pa pou ou 
Pafwa ti nèg manje ak grès, konsa gen jou ki pa pou ou 
Men m lè w san extrait d’archive w ap jwenn paspò byen rapid 
Jis ban m 2 foto pa okipe w, menm timbre pa egzijib 
Mwen di w non pa ale finans pou yon senp foto lisans 
Vin sikilasyon, m ap ba w sèvis rapid san egzijans 
M t ap sou tout kou paske ak lavi non m pa vle sede 
Tout chofè san asirans, vin jwenn mwen OAVCT 
Oubyen desann pi ba, ranje papye w al pran viza 
Devan anbasad sou chak fotokopi m t ap fè on dola 


Commentaires